Èske GBLS Ka Ede M'?

GBLS bay asistans lègal sivil (ki pa kriminèl) pou gratis a moun ki pa touche anpil lajan nan Boston ak trant-e-un adisyonèl vil (Gade lis de vil ki nan zòn sèvis GBLS la.) Ede nou ofri varye ant konsèy lègal jiska reprezantasyon pou tout dosye , depann sou ki sa kliyan yo bezwen.

Aprann ki moun pou rele ak ki kote pou jwenn èd nenpòt kote nan Massachusetts

Greater Boston Legal Services (GBLS) ka ede ou si:

  1. Pwoblèm lègal ou se sivil, ki pa yon pwoblèm lègal kriminèl.
  2. Ou abite nan zòn sèvis nou, ki gen ladann Vil Boston ak 31 lòt vil ki bò kote l'. (Gade lis de vil ki nan zòn sèvis GBLS la.)
  3. Lajan ou touche tonbe nan direktiv yo ki nan tablo ki anba a. (Chèche si revni ou elijib.)
  4. GBLS sèvi tout granmoun aje (laj 60 tan e plis) nan vil sa yo: Acton, Bedford, Boxborough, Burlington, Carlisle, Concord, Harvard, Lexington, Lincoln, Littleton, Maynard, North Reading, Reading, Stow ak Wilmington.

Ou ka vin yon kliyan nan plizyè fason:

  1. Rele Biwo a pandan lè nòmal : Lendi-Vandredi, 9:00 AM - 5:00 PM.
  2. Vini nan biwo a pandan lè yap resevwa moun: Lendi-Vandredi, 9 am - 11:30 am. Nan ka ijans, yon avoka kapab wè ou menm jounen an. Sinon, yo pral ba w yon randevou ak yon avoka pou yon lòt jou.
  3. Patisipe nan yon klinik pou gratis nan biwo nou an oubyen nan yon sant kominotè nan katye ou. Wè yon lis de lokasyon.
  4. Si w enfim e bezwen akomodasyon pou jwenn aksè nan sèvis nou ofri yo, tanpri rele nou nan 617-371-1234, 800-323-3205 (nimewo telefòn gratis).

Tout sèvis yo gratis pou kliyan ki kalifye. Rele biwo nou pou plis enfòmasyon sou lòt sèvis ak pwogram sa enkli klinik legal ak referans avoka ki pa mande pou yon frè.

Zòn Sèvis

Acton* Harvard* Randolph
Arlington Hingham Reading*
Bedford* Holbrook Revere
Belmont Hull Scituate
Boston Lexington* Somerville
Boxborough* Lincoln* Stoneham
Braintree Littleton* Stow*
Brookline Malden Wakefield
Burlington* Maynard* Waltham
Cambridge Medford Watertown
Canton Melrose Weymouth
Carlisle* Milton Wilmington*
Chelsea Newton Winchester
Cohasset North Reading* Winthrop
Concord* Norwell Woburn
Everett Quincy  

* Sèvis pou Granmoun Aje (plis que 60 an daj) sèlman.

GBLS Kalifikasyon Règleman Revni - 2024

Granmoun Aje ak benefisyè Medicare pa bezwen swiv direktiv règlenan revni.

125%

Gwosè Fanmi

125%

Revni Chak semèn

125%

Revni Mwa

125%

Revni Anyèl

200% 

Revni Anyèl

1 $362 $1,569 $18,825 $30,120
2 $491 $2,129 $25,550 $40,880
3 $621 $2,690 $32,275 $49,720
4 $750 $3,250 $39,000 $62,400
5 $879 $3,810 $45,725 $73,160
6 $1,009 $4,371 $52,450 $83,920
7 $1,138 $4,931 $59,175 $94,680
8 $1,267 $5,492 $65,900 $105,440

Pou chak manm ki ajoute nan fanmi an, ajoute $6,725 dola pou ane a, $560 dola pou mwa, $129 dola ou semen nan